1 Samuel 30:15
David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 23:15Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.
Joshua 9:15Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen.
Judges 1:24Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
Ezekiel 17:13Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l', li fè l' sèmante pou l' toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.
Ezekiel 17:19Se poutèt sa, men sa Seyè Sèl Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan vre a, ou pa respekte pawòl ou avè m'. Ou pa kenbe kontra mwen te pase avè ou la. Mwen gen pou m' pini ou pou sa.