1 Samuel 30:16
Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:17Jozye te tande pèp la ki t'ap rele byen fò anba a. Li di Moyiz: -Pou tout bri mwen tande a, gen gwo goumen nan kan an!
Judges 1:24Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
Judges 16:23Aprè sa, yon jou, chèf moun Filisti yo te reyini pou fè yon gwo sèvis pou Dagon, bondye yo a. Yo t'ap fè fèt. Yo t'ap di: -Bondye nou an lage Samson, lènmi nou an, nan men nou.
1 Samuel 30:14Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.
1 Chronicles 4:43Lè yo rive, yo touye rès moun Amalèk yo. Depi lè sa a se la yo rete jouk jounen jòdi a.
Isaiah 22:13Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.