1 Samuel 30:2
Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 27:11Men David te toujou touye tout moun, fanm kou gason, paske li t'ap di nan kè l' konsa pesonn p'ap ka al di moun lavil Gat yo sa li te fè yo. Se sa David t'ap mache fè pandan tout tan li pase nan peyi Filisti a.
Job 38:11Mwen di l': Men limit ou. Pa depase l'. Se la m'ap kraze fòs lanm ou yo.
Isaiah 27:8Pou l' te pini pèp la, li mete yo deyò nan peyi a, li fè depòte yo, li voye yon move van soti nan lès pote yo ale.