1 Samuel 30:6
David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 17:4Moyiz menm lapriyè nan pye Bondye. Li di l' konsa: -Kisa pou m' fè ak moun sa yo? Yo san lè touye m' ak kout ròch!
Judges 18:25Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.
1 Samuel 1:10Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'.
1 Samuel 28:15Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè.
2 Kings 4:27Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: —Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
Psalms 18:6(018:7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.