1 Samuel 31:1
Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt.
Cross References
1 Samuel 12:25Mentou, si nou fè sa ki mal, ni nou, ni wa nou an, n'ap mouri.
1 Samuel 28:4Sòlda moun Filisti yo te sanble, yo moute kan yo bò lavil Chounèm. Sayil menm sanble tout sòlda pèp Izrayèl yo, epi li moute kan l' sou mòn Gilboa.
1 Samuel 28:19Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo.
2 Samuel 1:21Nou menm mòn Giboa yo, se pou nou rete san yon grenn lapli, san yon degout lawouze. Piga jaden janm pouse sou flan mòn nou yo! Paske se la yo trennen nan labou plak fè pwotèj sòlda yo, plak fè pwotèj wa Sayil la ki p'ap janm fwote ak lwil ankò.