1 Samuel 31:2
Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:5Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
1 Samuel 13:16Sayil rete nan peyi moun Benjamen yo ansanm ak Jonatan, pitit gason l' lan, ak moun ki te avè l' yo. Moun Filisti yo menm pran pozisyon lavil Mikmas.
1 Samuel 14:22Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo.
1 Samuel 18:1Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l' tankou li renmen tèt pa li.
2 Samuel 1:6Nonm lan reponn: -Mwen t'ap pase konsa sou mòn Gilboa a lè mwen wè Sayil apiye sou frenn li pou l' pa tonbe atè. Cha lagè lènmi yo ak kavalye yo te prèt pou rive sou li.
1 Chronicles 8:33Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.