bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 4 › 1 Samuel 4:19
1 Samuel 4:19
Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l' akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l' ansanm ak mari l' te mouri, lamenm tranche pran l', li akouche.
Bib La
In The King James Version
And his daughter in law, Phinehas’ wife, was with child, near to be delivered: and when she heard the tidings that the ark of God was taken, and that her father in law and her husband were dead, she bowed herself and travailed; for her pains came upon her.
In Context
18Nonmen nonm lan nonmen Bwat Kontra a, Eli sot tonbe sou chèz la, li blayi atè devan pòtay la. Li te fin granmoun epi li te gwo anpil. Nwa kou l' kase sèk, li mouri. Li te pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la.
20Men, medam ki te la avè l' yo wè l'ap mouri, yo di l' konsa: -Pran kouraj, machè! Ou fè yon pitit gason. Men li pa reponn anyen, li pa okipe yo.
Read all of 1 Samuel 4
Cross References
Genesis 3:16Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
1 Kings 14:1Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad.
Jeremiah 26:6Si nou pa koute yo, m'ap kraze tanp sa a menm jan mwen te detwi kote yo te mete apa pou mwen lavil Silo a. Nan tout lòt nasyon ki sou latè, y'a pran non lavil sa a pou bay madichon.
This Verse In Other Editions
Study 1 Samuel 4:19