1 Samuel 4:8
Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:14Paske, fwa sa a, mwen pral voye tout kalite malè mwen konn fè yo sou ou menm menm, sou moun pa ou yo ak sou tout pèp ou a. Konsa, w'a konnen pa gen tankou m' sou tout latè.
1 Samuel 5:7Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.