1 Samuel 5:9
Men, lè Bwat Kontra a rive la, Seyè a manyen ak moun lavil la. Li fè yon sèl kouri pete nan lavil la. Bondye pini yo, li voye yon kalite gwo bouton ki leve sou tout kò moun lavil la, timoun kou granmoun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 5:6Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.
1 Samuel 6:4Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.
1 Samuel 7:13Se konsa moun Filisti yo te pèdi batay la nèt. Yo pa janm rekonmanse anvayi teritwa moun Izrayèl yo ankò. Seyè a te kenbe yo anba men l' pandan tout tan Samyèl te vivan.
Psalms 78:66Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.
Amos 9:1Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.