1 Samuel 6:14
Kabwa a rive nan jaden Jozye a nan peyi Bèt-Chemèch epi li rete. Te gen yon gwo wòch bò la. Moun yo demoute kabwa a, yo fann tout bwa yo, yo touye bèf yo, epi yo boule yo nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:26Moute sou ti bit sa a, bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye ou la, jan yo konn fè l' la. Lèfini, pran dezyèm towo a, boule l' nèt sou lotèl la pou mwen nan dife w'a fè avèk moso poto Achera ou te koupe a.
1 Samuel 7:9Samyèl pran yon ti mouton dèyè manman, li boule l' nèt, li ofri l' bay Seyè a. Lèfini, Samyèl lapriyè Seyè a pou l' vin ede pèp Izrayèl la. Seyè a reponn lapriyè a.
1 Samuel 20:29Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a.
2 Samuel 24:22Araounak di l' konsa: -Monwa, ou mèt pran l'. Ofri Seyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife.
1 Kings 18:30Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'.