The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 6 › 1 Samuel 6:19

1 Samuel 6:19

Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.

Bib La

In The King James Version

And he smote the men of Beth-shemesh, because they had looked into the ark of the LORD, even he smote of the people fifty thousand and threescore and ten men: and the people lamented, because the LORD had smitten many of the people with a great slaughter.

In Context

18Yo te voye senk ti sourit fèt an lò tou, yonn pou chak lavil kote chèf moun Filisti yo t'ap kòmande, kit se lavil ki gen ranpa, kit se lavil ki pa gen ranpa. Gwo wòch kote yo te mete Bwat Kontra Seyè a nan mitan jaden Jozye a, bò lavil Bèt-Chemèch la, kanpe la jouk koulye a, tankou yon mak pou fè chonje sak te rive lè sa a.

20Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?

Read all of 1 Samuel 6

Cross References

Exodus 19:21Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri.

Leviticus 10:1Yon jou, de nan pitit Arawon yo, Nadab ak Abiyou, leve, yo pran ti recho yo, yo mete chabon dife tou limen ladan yo, yo mete lansan nan dife a, epi y' al ofri l' bay Seyè a. Men, dife a pa t' bon paske se pa t' yon dife Seyè a te bay lòd fè.

Numbers 4:4Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a.

Numbers 4:18-Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.

Deuteronomy 29:29Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l' pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a.

1 Chronicles 13:9Lè yo rive bò glasi Kidon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 6:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 6:181 Samuel 61 Samuel 6:20 →