1 Samuel 6:20
Lè sa a, moun lavil Bèt-Chemèch yo di: -Ki moun ki ka kanpe devan Seyè a, Bondye sa a ki yon Bondye apa? Ki bò pou n' voye Bwat Kontra a ale pou l' pa rete lakay nou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:45Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
1 Samuel 5:7Lè moun lavil Asdòd yo wè sa ki te rive yo a, yo di: -Pa kite Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la nan mitan nou ankò! Se pa ti kras kale l'ap kale Dagon, zidòl nou an, ansanm ak nou.
2 Samuel 6:7Men Seyè a move sou Ouza, li touye l' frèt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
1 Chronicles 13:11David menm te fache dèske Seyè a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perèz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jòdi a.
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.
Luke 8:37Lè sa a, tout moun nan peyi Jerazenyen yo mande Jezi pou li al fè wout li kite peyi a, paske yo te pè anpil. Jezi moute nan kannòt la pou l' ale.