The Bible Software
bible.software › 1 Samuel › 1 Samuel 6 › 1 Samuel 6:5

1 Samuel 6:5

N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.

Bib La

In The King James Version

Wherefore ye shall make images of your emerods, and images of your mice that mar the land; and ye shall give glory unto the God of Israel: peradventure he will lighten his hand from off you, and from off your gods, and from off your land.

In Context

4Pèp la mande yo: -Ki kalite bagay pou nou bay ki va sèvi pou peye pou sa nou fè a? Yo di yo: -Senk bouton lò ak senk sourit an lò, yonn pou chak chèf moun Filisti yo, paske se menm maladi a ki te tonbe ni sou nou ni sou senk chèf nou yo.

6Poukisa pou n'ap fè tèt di tankou farawon an ak moun peyi Lejip yo? Eske lè Bondye te konmanse manyen ak yo, yo pa t' kite moun yo al fè wout yo?

Read all of 1 Samuel 6

Cross References

Exodus 8:5Seyè a di Moyiz: -Di Arawon lonje men li avèk baton l' lan sou larivyè yo, sou kannal yo ak sou m'a dlo yo. Fè krapo moute kouvri peyi Lejip la.

Exodus 8:24Seyè a fè sa vre jan l' te di l' la: yon kantite mouchavè desann sou kay farawon an, sou kay moun pa l' yo ak sou tout peyi a. Mouchavè t'ap devaste tout peyi Lejip la.

Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.

Joshua 7:19Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.

1 Samuel 5:6Seyè a t'ap manyen ak pèp lavil Asdòd la, li te mete yo vant ba. Li fè yon bann gwo bouton soti sou yo ak sou moun ki t'ap viv nan vwazinaj lavil la.

1 Samuel 5:11Yo fè chache senk chèf moun Filisti yo. Yo di yo: -Voye Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la tounen nan plas li, pou li pa touye tout moun isit yo. Tout lavil la te tèt anba, moun t'ap mouri paske Seyè a t'ap manyen rèd ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 1 Samuel 6:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 1 Samuel 6:41 Samuel 61 Samuel 6:6 →