1 Samuel 8:11
Li di yo: -Men ki jan wa a pral boule ak nou: Li pral pran pitit gason nou yo pou fè yo sèvi nan lame li a. Genyen ki pral aprann moute cha, gen lòt ki pral aprann moute chwal pou fè lagè. Genyen ki pral sèvi gad kò li pou kouri devan pwòp cha pa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Samyèl rapòte bay pèp la ki t'ap mande yon wa a tout pawòl Seyè a te di l'.
Cross References
Deuteronomy 17:14Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,
1 Samuel 14:52Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a.
2 Samuel 15:1Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li.
1 Kings 9:22Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.
1 Kings 12:4-Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.
1 Kings 18:46Pouvwa Seyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.