1 Samuel 8:5
Epi yo di l': -Gade! Ou fin granmoun. Pitit ou yo pa swiv egzanp ou te ba yo. Koulye a, chwazi yon wa pou gouvènen nou, jan sa fèt nan tout lòt peyi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Lè sa a, tout chèf fanmi ki te reskonsab pèp Izrayèl la sanble, y' al jwenn Samyèl lavil Rama.
Cross References
Deuteronomy 17:14Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou rete ladann l', si lide ta vin nan tèt nou pou nou di: Nou ta renmen gen yon wa pou gouvènen nou tankou tout lòt nasyon k'ap viv nan peyi ki sou fwontyè nou yo,
1 Samuel 8:6Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
1 Samuel 8:20pou nou kapab menm jan ak tout lòt nasyon yo. Wa nou an va gouvènen nou, l'a mache alatèt lame nou lè nou pral nan lagè, l'a mennen batay nou pou nou.
1 Samuel 12:17Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Acts 13:21Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan.