1 Samuel 8:6
Pawòl sa yo pa t' fè Samyèl plezi paske yo t'ap mande pou li ba yo yon wa pou gouvènen yo. Samyèl lapriyè Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:32Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m' nan liv ou a.
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
1 Samuel 12:17Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
1 Samuel 12:23Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.
Ezra 9:3Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.
Luke 6:11Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.