1 Samuel 9:16
-Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Men, lavèy jou Sayil rive lavil la, Seyè a te fè Samyèl yon revelasyon. Li te di l' konsa:
Cross References
Exodus 2:24Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
1 Samuel 10:1Samyèl pran yon ti poban lwil oliv, li vide l' sou tèt Sayil. Apre sa, li bo l', epi li di l': -Seyè a ba ou pouvwa pou gouvènen pèp Izrayèl la ki rele l' pa l'. W'a gouvènen pèp li a, w'a delivre yo anba men tout lènmi ki bò kote l' yo. Men sa k'ap fè ou wè se Seyè a menm ki mete ou apa pou gouvènen pèp ki pou li a.
1 Samuel 14:23Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.
1 Samuel 16:3W'a envite Izayi nan sèvis la. Mwen menm, m'a di ou sa pou ou fè. W'a mete moun m'a di ou la apa pou sèvi wa devan m'.
2 Kings 9:3W'a pran ti poban lwil la, w'a vide l' sou tèt li. W'a di l': Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.
Psalms 106:44Men, Seyè a te wè mizè yo, li te tande jan y'ap rele.