1 Samuel 9:7
Sayil di domestik la: -Dakò! Nou pral jwenn li. Men, kisa pou nou pote ba li? Nou pa gen pen ankò nan ralfò nou. Nou pa gen anyen pou n' fè sèvitè Bondye a kado.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:18Tanpri, pa deplase kote ou ye a jouk m'a pote yon ofrann mete nan pye ou. Li reponn: -M'ap rete la tann ou.
1 Kings 13:7Apre sa, wa a di pwofèt la konsa: -Ann al lakay avè m'. W'a manje. Lèfini, m'a fè ou kado kichòy.
2 Kings 4:42Yon lòt fwa ankò, yon nonm soti lavil Baal Chalicha, li pote yon sak pwovizyon fè Elize kado. Nan sak la te gen ven pen li te fè ak premye grenn lòj li te rekolte pou lanne a ansanm ak yon pakèt grap lòj li te fèk koupe. Elize di domestik li a pou li sèvi yo bay pwofèt yo manje.
2 Kings 5:15Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.