1 Thessalonians 1:3
Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè.
4Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li.
Cross References
Genesis 29:20Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
Song of Solomon 8:7Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'.
John 14:15Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo.
John 15:10Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou.
Acts 3:19Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
Romans 2:7Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.