1 Timothy 1:11
Verite sa a, nou jwenn li nan bèl mesaj Bondye te mete m' reskonsab pou anonse a. Se bon nouvèl ki pale nou sou Bondye ki merite nou fè lwanj pou li a.
Bib La
In The King James Version
According to the glorious gospel of the blessed God, which was committed to my trust.
In Context
Cross References
Psalms 138:2M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou koulye a.
Luke 2:14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.
1 Corinthians 4:1Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
2 Corinthians 3:8nou pa bezwen mande si pouvwa ki pou parèt lè Lespri Bondye a ap travay p'ap pi gwo toujou.
2 Corinthians 4:6Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
Galatians 2:7Okontrè, yo wè Bondye te renmèt mwen travay anonse bon nouvèl la bay moun ki pa jwif yo, menm jan li te renmèt Pyè travay anonse l' bay jwif yo.