1 Timothy 1:14
Jezikri, Seyè nou, fè m' anpil favè: li fè m' gen konfyans ak renmen nou jwenn lè n'ap viv ansanm nan Kris la.
Bib La
In The King James Version
And the grace of our Lord was exceeding abundant with faith and love which is in Christ Jesus.
In Context
Cross References
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Luke 7:47Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l' renmen tou.
Romans 5:15Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou.
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.
2 Corinthians 13:14(13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
1 Thessalonians 1:3Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.