1 Timothy 1:17
Se poutèt sa, ann chante, ann fè lwanj pou li pou tout tan, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, Wa ki la pou tout tan an epi ki p'ap janm mouri a. Amèn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 10:16Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
Psalms 45:1(045:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. (045:2) Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
Psalms 47:6(047:7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
Psalms 72:18Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.
Psalms 106:48Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan! Epi tout pèp la pran reponn: Wi, se vre! Lwanj pou Seyè a!