1 Timothy 3:11
Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.
Bib La
In The King James Version
Even so must their wives be grave, not slanderers, sober, faithful in all things.
In Context
10Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.
12Yon dyak fèt pou l' gen yon sèl madanm, se pou l' konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.
Cross References
Leviticus 21:7Yon prèt pa gen dwa marye ni ak yon fanm ki t'ap fè jennès, ni ak yon fanm ki konn gason deja, ni ak yon fanm mari l' kite l', paske yo mete yo apa pou fè sèvis mwen.
Psalms 15:3ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l' yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotaj sou vwazinaj.
Psalms 101:5M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
Proverbs 25:13Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l' la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouraj mèt li.
Ezekiel 44:22Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo.
Luke 1:5Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la.