1 Timothy 4:1
Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:13Seyè a, Bondye a, mande fanm lan. Poukisa ou fè sa? Fanm lan reponn li. Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m' manje l'.
Deuteronomy 4:30Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.
1 Kings 22:22Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Jeremiah 49:39Men, nan jou k'ap vini apre sa yo, m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 38:16Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.