1 Timothy 4:10
Se poutèt sa ou wè n'ap travay di, n'ap goumen konsa. Paske, nou mete tout espwa nou nan Bondye vivan an k'ap sove tout moun, espesyalman moun ki gen konfyans nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Sa se yon pawòl ki sèten, tout moun te dwe asepte l', yo tout te dwe kwè li.
11Se tout bagay sa yo pou ou moutre moun yo, pou ou mande yo swiv.
Cross References
Psalms 37:40L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.
Psalms 84:12(084:13) Bondye ki gen tout pouvwa, ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou!
Psalms 107:6Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Isaiah 12:2Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
Isaiah 50:10Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!
Daniel 3:28Wa a di konsa: -Lwanj pou Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a! Li voye zanj li delivre sèvitè l' yo ki te mete konfyans yo nan li. Yo te derefize obeyi lòd mwen. Yo te pito mouri pase pou yo ta mete ajenou pou adore yon bondye ki pa bondye pa yo a.