1 Timothy 4:16
Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, wa sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.
Cross References
2 Chronicles 19:6Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.
Jeremiah 23:22Si yo te la lè m' t'ap fè plan travay mwen an, yo ta fè pèp la konnen mesaj mwen voye ba yo a, yo ta fè pèp la kite vye chemen y'ap swiv la, yo ta fè l' sispann fè sa ki mal.
Ezekiel 33:7Koulye a, nonm o! Mwen mete ou faksyonnè pou veye pou pèp Izrayèl la. Lè w'a tande mesaj m'a ba ou a, w'a avèti yo pou mwen.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.
Acts 20:26Se poutèt sa m'ap di nou jòdi a: si yonn nan nou peri, mwen pa reskonsab.
Romans 2:7Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.