1 Timothy 5:15
Paske, gen vèv ki vire do yo deja, y'ap swiv Satan.
Bib La
In The King James Version
For some are already turned aside after Satan.
In Context
Cross References
Philippians 3:18Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:
2 Timothy 1:15Ou te pran nouvèl la, pa vre? Tout moun nan pwovens Lazi yo lage m' pou kont mwen, ata Fijèl ak Emojèn.
2 Timothy 4:10Paske, Demas lage m', li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l' al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.
2 Peter 2:20Moun ki rive konnen Jezikri tankou Seyè ak Sovè li, li fin chape anba tout vye bagay mal ki nan lemonn. Si apre sa, li tounen mele ladan yo ankò, si l' kite bagay sa yo pran pye sou li ankò, l'ap pi mal pou li pase jan l' te ye anvan an.
1 John 2:19Moun sa yo pa t' avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pa t' avèk nou tout bon.
Revelation 12:9Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.