1 Timothy 5:19
Pa kite pesonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esepte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.
Bib La
In The King James Version
Against an elder receive not an accusation, but before two or three witnesses.
In Context
20Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
Cross References
Deuteronomy 19:15Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.
Matthew 18:16Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
John 18:29Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?
Acts 24:2Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tetilis kòmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa: Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann.
2 Corinthians 13:1M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
Hebrews 10:28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.