1 Timothy 5:20
Se pou ou fè moun ki fè peche yo repwòch devan tout moun. Konsa, lòt yo va pè.
Bib La
In The King James Version
Them that sin rebuke before all, that others also may fear.
In Context
Cross References
Deuteronomy 13:11Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.
Deuteronomy 19:20Lè lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou.
Acts 5:5Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil.
Acts 19:17Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a.
1 Timothy 1:20Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye.
Titus 1:13Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo,