1 Timothy 5:8
Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Men sa pou ou moutre yo, pou pesonn pa jwenn okenn repwòch pou fè yo.
9Pa mete okenn vèv sou lis toutotan li pa gen swasantan. Epi, se pou l' te marye yon sèl fwa.
Cross References
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
Matthew 18:17Si l' refize koute yo tou, lè sa a wa di legliz la sa. Si l' refize koute legliz la, ou mèt gade l' tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
Luke 12:47Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou.
2 Corinthians 2:15Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.
2 Corinthians 12:14Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit.
2 Timothy 3:5Y'ap fè tankou y'ap sèvi Bondye. Men, yo pa kwè nan pouvwa Bondye a tout bon vre. Pa mele ak moun konsa menm.