1 Timothy 6:12
Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 26:17Jòdi a nou fè deklarasyon nou bay Seyè a: Nou di se li ki Bondye nou. Nou pwomèt pou nou toujou mache jan li vle l' la, pou nou fè tou sa ki nan lwa, nan lòd ak nan regleman li yo pou nou toujou koute sa l' di nou.
Psalms 63:8(063:9) Mwen kole kò m' sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.
Song of Solomon 3:4Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l'. Mwen pa lage l' jouk mwen mennen l' kay manman m', nan chanm moun ki te pote m' nan vant li an.
Zechariah 10:5Moun pèp Jida yo pral genyen batay la, y'ap tankou sòlda k'ap foule lènmi anba pye yo nan labou nan granchemen. Yo pral goumen, paske Seyè a la avèk yo. Tout lènmi ki sou chwal yo pral wont.
Romans 8:28Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.
Romans 10:9Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove.