1 Timothy 6:14
Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l' pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Seyè nou an, va parèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Song of Solomon 4:7Ou pa manke bèl, anmòrèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defo!
Ephesians 5:27Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.
Philippians 1:10pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwòche nou lè Kris la va vini.
Colossians 1:22Men koulye a, gremesi Kris la ki mouri nan kò l' tankou yon moun, Bondye fè nou byen avè l' ankò pou nou ka parèt devan l' tankou moun k'ap viv apa pou li, san okenn tach, san okenn repwòch.
1 Thessalonians 3:13Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.