1 Timothy 6:17
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,
Deuteronomy 33:15L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen.
2 Chronicles 32:25Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.
Job 31:24Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
Psalms 52:7(052:9-)Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kot Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
Psalms 62:10(062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou.