1 Timothy 6:18
Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.
Bib La
In The King James Version
That they do good, that they be rich in good works, ready to distribute, willing to communicate;
In Context
19Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Cross References
2 Chronicles 24:16Yo antere l' nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.
Psalms 112:9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
Ecclesiastes 3:12Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen.
Ecclesiastes 11:6Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
Luke 12:21Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.