1 Timothy 6:19
Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 17:14Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.
Proverbs 31:25Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l', li pa pè denmen.
Matthew 10:41Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.
Luke 12:33Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.
Luke 16:25Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri.