1 Timothy 6:20
Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Cross References
Acts 17:18Kèk filozòf ki t'ap swiv prensip patizan Epiki yo ak patizan Zenon yo t'ap pale avèk li. Gen ladan yo ki t'ap di: Kisa paladò sa a vle di la a? Gen lòt moun ki t'ap di: Gen lè l'ap pale sou yon lòt kalite bondye. Yo t'ap di sa paske Pòl t'ap pale yo sou Jezi, li t'ap di yo ki jan mò yo gen pou yo leve vivan ankò.
Romans 1:22Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.
1 Corinthians 1:19Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete.
1 Corinthians 3:19Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.
Colossians 2:18Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.
2 Thessalonians 2:15Se sa ki fè, frè m' yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an.