1 Timothy 6:5
Sa lakòz anpil moun ki gen lespri yo vire lanvè epi ki pa konnen verite a ap fè yon bann diskisyon ki pa janm fini. Pou yo, sèvis Bondye a tounen yon mwayen pou fè lajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an.
Cross References
2 Kings 5:20Gerazi, domestik Elize, pwofèt Bondye a, di nan kè l': —Mèt mwen kite Naaman, moun Siri a, ale, li pa pran anyen nan sa l' te pote pou li a. Mwen pran Seyè vivan an pou temwen, mwen pral kouri dèyè l' pou m' pran kichòy nan men l'.
Jeremiah 6:13Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Matthew 12:33Si pyebwa a bon, l'ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p'ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay.
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
Acts 8:18Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pye ak Jan lajan.