1 Timothy 6:9
Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Se sak fè, si nou gen dekwa manje, si nou gen rad pou mete sou nou, sa dwe kont nou.
Cross References
Genesis 13:10Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)
Numbers 31:8Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.
Joshua 7:11Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo.
1 Kings 21:6Akab reponn, li di li: -M' pale ak Nabòt, nonm Jizreyèl la. Mwen mande l' pou l' vann mwen jaden rezen l' lan, osinon si li pito, m'a ba li yon lòt pou li. Men, li di m' li p'ap ban mwen jaden l' lan.
Psalms 11:6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite.
Proverbs 15:27Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.