2 Chronicles 10:8
Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 25:15Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou?
Proverbs 9:9Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l' gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
Proverbs 19:20Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
Proverbs 27:10Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.
Ecclesiastes 10:16Ala malè pou yon peyi lè li gen yon timoun alatèt li, lè chèf li yo tonbe nan manje depi granmaten.