2 Chronicles 12:1
Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Seyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Judges 2:15Chak fwa y' al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t'ap fè l' la. Se konsa yo t'ap bat yon sèl mizè!
1 Kings 12:17Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.
1 Kings 14:22Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo.
2 Chronicles 11:3-Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun pep Izrayèl ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen yo. Di yo konsa: