2 Chronicles 13:8
Koulye a, nou fè lide vin kraze otorite Seyè a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avèk nou yon gwo lame ak tout estati towo bèf an lò Jewoboram te fè pou sèvi nou bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:29Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
2 Chronicles 9:8Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.
2 Chronicles 14:9Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (0300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha.
2 Chronicles 20:12Ou se Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou n' kanpe devan tout gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè! N'ap tann sa ou pral fè pou nou.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!