2 Chronicles 20:15
Jaziyèl di konsa: -Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Seyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:13Moyiz reponn pèp la: -Nou pa bezwen pè. Pran kouraj. Louvri je nou pou nou wè jan Seyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò.
Deuteronomy 1:29Men, mwen di nou: Kè nou pa bezwen kase, nou pa bezwen pè moun sa yo.
Deuteronomy 20:4Seyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l' fè nou genyen batay la.
Deuteronomy 31:8Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Judges 7:21Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.
1 Kings 20:13Lè sa a, yon pwofèt Bondye vin jwenn Akab, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Ou wè tout kantite sòlda sa yo? Enben, mwen pral lage yo nan men ou jòdi a, konsa w'a konnen se mwen menm ki Seyè a.