2 Chronicles 24:27
Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n'a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesaj pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a. Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 12:21Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomè, de chèf ki t'ap sèvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.
2 Chronicles 9:29Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesaj Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.
2 Chronicles 16:11Tou sa wa Asa te fè depi premye jou li moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo ak wa peyi Izrayèl yo.
2 Chronicles 24:12Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou.