2 Chronicles 26:8
Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l' jouk sou fwontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Deuteronomy 2:19Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye; se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.
1 Samuel 11:1Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: -Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.
2 Samuel 8:13Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (018.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la.
1 Chronicles 14:17Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyè a te fè tout nasyon yo pè li.
2 Chronicles 20:1Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.