2 Chronicles 27:5
Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (03.300) kilo ajan, senkantmil (050.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.
6Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a.
Cross References
Judges 11:4Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 20:1Kèk tan apre sa, moun peyi Moab yo ak moun peyi Amon yo mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.
Jeremiah 49:1Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?