2 Chronicles 28:1
Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.
Cross References
1 Chronicles 3:13Jotam te papa Akaz, Akaz te papa Ezekyas, Ezekyas te papa Manase,
2 Chronicles 27:9Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Isaiah 1:1Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit Amòz la, wè sou rèy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.
Hosea 1:1Men mesaj Seyè a te bay Oze, pitit Beeri, nan tan Ozyas, Jotam, Akaz ak Ezekyas te wa, yonn apre lòt, nan peyi Jida. Lè sa a, se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
Matthew 1:9Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas;