2 Chronicles 29:11
Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:6-Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a.
Numbers 8:6-Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen.
Numbers 18:2W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a.
1 Chronicles 6:34ki li menm te pitit Elkana, ki li menm te pitit Jeworam, ki li menm te pitit Eliyèl, ki li menm te pitit Toak,
Galatians 6:7Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.