2 Chronicles 29:8
Se poutèt sa Seyè a te fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm. Tout moun te sezi, tout moun te pè lè yo wè sa ki rive yo, tout moun t'ap pase yo nan betiz, tankou nou wè l' nou menm ak pwòp je nou tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Yo touye papa nou yo nan lagè. Yo fè madanm ak pitit nou yo prizonye.
Cross References
Leviticus 26:32Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
1 Kings 9:8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
2 Chronicles 24:18Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 34:24men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a.
Jeremiah 18:15Men, pèp mwen an bliye m'. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.