The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 31 › 2 Chronicles 31:15

2 Chronicles 31:15

Nan lòt lavil kote prèt yo rete a, men moun ki te toujou la pou ede Kore: Se te Edèn, Menjamin, Jechwa, Chemaja, Amarya ak Chekanya. Se yo menm ki pou te separe manje a bay moun Levi parèy yo, gran kou piti, dapre travay yo gen pou fè.

Bib La

In The King James Version

And next him were Eden, and Miniamin, and Jeshua, and Shemaiah, Amariah, and Shecaniah, in the cities of the priests, in their set office, to give to their brethren by courses, as well to the great as to the small:

In Context

14Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a.

16Non sèlman yo te bay tout moun Levi ki te gen non yo pote nan rejis fanmi yo, depi sa ki gen twazan laj pou pi piti, pòsyon manje pa yo, men yo te bay chak gwoup moun Levi ki te travay nan Tanp Seyè a chak jou, dapre jou travay yo ak dapre travay yo gen pou fè.

Read all of 2 Chronicles 31

Cross References

1 Chronicles 6:54Men kote fanmi Arawon yo te rete ak limit zòn ki te pou yo. Lè yo fè tiraj osò, se branch fanmi Keyat yo ki soti an premye avèk

1 Chronicles 24:31Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo piye devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.

2 Chronicles 29:12Men moun Levi ki vin pote tèt yo an premye: Nan branch fanmi Keyat la, se te Makat, pitit Amasayi ak Joèl, pitit Azarya. Nan branch fanmi Merari a, se te Kich, pitit Abdi ak Azarya, pitit Jealelèl. Nan branch fanmi Gèchon an, se te Joak, pitit Zimna ak Edèn, pitit Joak.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 31:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 31:142 Chronicles 312 Chronicles 31:16 →