2 Chronicles 31:5
Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:29Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
Exodus 34:22W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.
Exodus 35:5Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv,
Exodus 36:5Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a.
Numbers 18:12M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
2 Chronicles 24:10Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l' nan bwat la jouk li rive plen.